Ajans Gouvènman Ameriken yo: Reyalite a
Nan kèk fim, seri, ak woman, sèten ajans gouvènman ameriken yo souvan mansyone.
Men, kiyès yo ye reyèlman e ki wòl yo? Se sa nou pral wè jodi a! li atik lan epi pataje!Definisyon : Ajans gouvènman yo (Federal Agencies) se òganizasyon gouvènman ki te kreye pou reponn ak yon bezwen espesifik. Nan ka nou an : se sekirite nasyonal.
misyon rekonesans (avèk sipò fòs militè ki anba jiridiksyon DoD), ak analiz done. Li konsidere kounye a pa anpil lòt kòm meyè nan domèn li an, e li se prensipal sous ransènyeman militè Ozetazini,
2️⃣. NATIONAL SECURITY AGENCY - NSA
Apre yon tan, li kontinye aktivite li yo ak espesyalize li nan sa yo rele "Siyal entèlijans" (= entèsepte enfòmasyon chiffres via mesaj, konvèsasyon, elatriye...). Sèjousi, òganizasyon an responsab tou pou pwoteksyon kominikasyon ak tout rezo Ameriken yo.
Fonde 26 jiyè 1908 (youn nan bagay ki pi gran pase Elizabèt II👸), FBI okipe ransènyeman ak sekirite (atravè ajan li yo), sitou domestik.
Kontrèman ak yon lòt ajans (ke nou pral wè nan yon ti tan), FBI la sitou mele nan aktivite sou tèritwa Ameriken an, kontrèman ak ajans nou wè nan thread sa a, FBI pa baze li sou ransènyeman. anvan tout, Li se yon ajans sekirite, konparab ak MI5, oswa FSB.
Eh wi, tankou lè n nan seri yo, epi ajan FBI yo ki debake e pran yon ankèt epi repete ti fraz majik la « maintenant c’est plus votre problème on s’en charge » sa a se fo (super rare plutôt).
Si yon krim "enpòtan" rive e FBI pran li, byen yo pral travay avèk otorite lokal yo pou jwen meyè rezilta. (Se lojik, men Hollywood dwe mete piman nan seri yo 😂)
Manman Bèf CIA ! 😫 « Pas mal de choses à dire ici ».
Fonde an septanm 1947, CIA a se yon ajans ki baze li sou rasanbleman ransènyeman entènasyonal (nan tout mond lan), via espyon li yo. Patikilye li? Li ka aji andeyò jiridiksyon gouvènman ameriken an.
Ransènyeman, rekonesans, dekriptaj, Hack, espyonaj ... li konbine majorite ajans entèlijans Ameriken yo nan yon sèl ! CIA a opere nan tout domèn (wouy yon atoufè), kit li ilegal, legal, domestik, entènasyonal elatriye...
Te genyen ( euh'm toujou genyen) anpil skandal (sitou ant '90-2010) konsènan CIA ak fach kache li (tòti 😮💨, dwòg ak anpil lòt egzanp...), pa janm panse ke CIA sont des gentils bisounours👶.
CIA fè byen (anpil), men konsa tou yo fè anpil gwo zafè malonèt. Koulye a, sa anpil moun pa janm konnen, se kisa CIA genyen kòm resous. Yo pa sèlman limite ak espyon e ranmasaj enfòmasyon, oh nooooon !
CIA gen yon lame antye ! 😲
CIA a gen patikilarite pou l genyen 2 kalite sòlda anba lòd li:
- Sòlda, ki gen anpil eksperyans, k ap travay nan yon inite plis pase sekrè (tout moun pa konnen si l egziste) ki gen misyon yo ka menm jan ak pa Captain Price, nan Modern Warfare…
Ak dezyèm kalite a, Wouy ! sa pi sadik toujou :
- Mèsenè anboche pa CIA, pou fè vye travay sal yo, pafwa san okenn limit.
BONIS:
DEPARTMENT OF DEFENSE (DoD)
Depatman Defans Ameriken (DoD) an se yon depatman ki responsab pou kowòdone ak sipèvize tout ajans e fonksyon ki gen rapò ak sekirite nasyonal Etazini, osi byen ke twoup Ameriken yo. Katye jeneral (QG) li se nan Pentagòn, an Virginia.
Eh vwala, ou rive nan fin atik la! Mèsi tout moun pou lekti an, & Tanpri, pa ezite fè m konnen sa ou panse nan nanseksyon kòmantè a !
Epitou si ou gen nenpòt lòt enfòmasyon / detay ou wè ki merite ajoute, tanpri pa ezite, mwen ap ajoute li nanatik la!
Sur ce, prenez soin de vous ! ❤️
John ReekedsonT-R JOSEPH 🌎✪
Étudiant en Diplomatie et Relations Internationales
Géopolitique🌎
bon travay mwen kontan sa....
RépondreSupprimer